Discover millions of ebooks, audiobooks, and so much more with a free trial

Only $11.99/month after trial. Cancel anytime.

Grangou Pou Lespwa
Grangou Pou Lespwa
Grangou Pou Lespwa
Ebook154 pages2 hours

Grangou Pou Lespwa

Rating: 0 out of 5 stars

()

Read preview

About this ebook

Imajine wap viv nan yon kote yon sèl chout nan yon balon foutbòl ka detèmine rès lavi ou.

An Ayiti, sa ka reyalite.

LanguageFrench creole
PublisherStory Chorus
Release dateMar 31, 2023
ISBN9781088100950
Grangou Pou Lespwa

Related categories

Reviews for Grangou Pou Lespwa

Rating: 0 out of 5 stars
0 ratings

0 ratings0 reviews

What did you think?

Tap to rate

Review must be at least 10 words

    Book preview

    Grangou Pou Lespwa - Ricardo Pierre-Louis

    Chapit 1

    Sove dimanch mwen

    Desten vil mwen an te chita sou yon grenn chout!

    Se te dènye match sezon an, yon gwo rankont kont FICA Cap-Haitien, ki te gwo rival nou nan zòn Nò peyi a, Haiti. Tout moun nan vil mwen an, Léogâne, ki te ap espere ak tout nanm yo, te lage tout chaj responsablite a sou do ekip nou an, Cavaly.

    Kèkfwa, ou konn dèyè chanpyon pou laglwa, men match sa a te diferan. Se pat senpman yon zafè bat oubyen pran koup. Te gen yon kòz ki te pi enpòtan dèyè match sa a.

    Cap-Haitien se te kouwè yon Goliath. Dayè, se te tit chanpyon lig la ki te nan men yo, yo tap defann, anplis, ekip yo a te gen ladan li kèk jwè ki te nan tèt konpetsyon an nan zafè fè gòl ; pami yo, Golman Pierre, ki te reyalize yon rekò 24 gòl nan sezon 2001-2002 an. Nou konnen tou, se yon ekip ki tap founi Seleksyon Nasyonal la ak lòt ekip etranje kèk jwè. Cavaly, limenm, kote pa li te pèdi Daniel Mentor, Clamart Augustin, Sammuel Dalcé, twa meyè jwè nou, nan ane anvan an. Nou te kouwè David, ak yon ti fistibal nan men kòm zam, men yon pakèt espwa, yon volonte pou nou goumen, pa sèlman pou nou genyen match la, men pou nou rete anvi.

    Li fasil pou nou jis gade foutbòl tankou senp jwèt, men nan Haiti, pèdi yon match pou al tonbe nan mitan twa dènye ekip nan premye divizyon nan Lig la, sa vle di kareman ou plonje nan dezyèm divizyon. Nou rele dezyèm divizyon an LANFÈ.

    Nan dezyèm divizyon, anpil ekip pral jemi la pou yon bon bout tan, paske yo pèdi esponsò epi yo pa gen ase lajan. Pa gen jwè ki ta renmen jwe nan yon ekip dezyèm divizyon. Pa gen ankenn opòtinite ni anpil chans pou yo ta rele ou nan Seleksyon Nasyonal. Jwe nan dezyèm divisyon vle di ou pèdi tout espwa pou ou ta jwenn opòtinite jwèt foutbòl la ofri. Nou te konprann byen, si nou te genyen match la, nou tap gen lajan pou nou achte sa nou te bezwen ak manje tou. Si nou te pèdi, nou patap jwenn anyen ditou.

    Se pa zafè nou menm jwè yo sèlman, fanatik yo tou, te konnen sa byen. Non sèlman jwè yo ak tout fanmi yo ta pral soufri si ekip la ta tonbe nan dezyèm divizyon an, men sa ta pral fè tout vil la mal tou. Depi yon malè ta rive Cavaly se tout Léogâne li tap rive.

    Presyon ki te sou do nou jou sa a te anpil. Mwen pat janm santi presyon sa a nan ankenn lòt match anvan sa. Pat gen plas pou erè, paske si ekip la te pèdi se tout moun nan vil la ki tap pèdi.

    Silans lan peze lou

    Ekip la pase nan tinèl la pou li antre sou teren an, e nou wè tout foul moun yo sou de pye ap chante, yap rele ; yo tap voye bonm lafimen sou teren an pou montre yap sipòte ekip nou an. Zye nou tap ponpe dlo lè nou tap travèse pil lafimen yo pou nou rive nan mitan teren an ; inifòm wouj nou an tap briye devan mayo jon e vè ekip Cap-Haitien an.

    Tonton-Palmis fèt, balon santre, apenn yon minit, Cap-Haitien fè gòl.

    Tout enèji nou, tout espwa nou, nou te prepare pou match la, nou te oblije kenbe yo pou nou asire defans nou pou nou pa fayi nan 45 minit ki ta pral dewoule yo. Nou te tèlman pè, nou pat ka rive jwe nòmalman, mach la tap grandi, piblik la tap suiv san fè bri.

    Nan dezyèm mitan, estad la te nan yon silans, nou te ka remake menm kèk moun ki tap priye. Antrenè nou an, tout moun te ka wè ki tap kriye, li pat kite nou ale nan vestyè, li te pè pou si nou te al pran ti repo sa a, nou te ka lage sou sansibilizasyon pou nou te genyen match la.

    Dezyèm mitan match la pat pi bon pou nou pase sa. Cap-Haitien tap byen jwe, men yo pat ka bay lòt gòl. Se kòm si se te mirak gadyen nou an tap fè nan kan an, anpil chout tap frape nan poto kan an tou. Presyon ki te sou ekip la ak sa match la te reprezante te fè nou pè mete agresivite pou nou atake, nou te tou pat ka fè gòl. Li te sanble tout espwa nou te disparèt pandan lè pou match la te fini tap mache prese kite nou.

    Mwen te ka santi pwa dènye minit match la ki tap peze sou mwen. Mwen sonje mwen te li yon istwa sou ekip Brezil nan final Koup di Mond 1950, yo rele Maracanazo, ki vle di Marakana ap Agoni, kote gen moun ki te touye tèt yo paske ekip la te pèdi. Pou anken anyen, mwen pat vle pèdi, espesyalman lè mwen konnen pou milye grenn zye ki tap gade ak tout zòrèy ki tap tande nan radyo yo, sa tap twò tris. Mwen tap priye Bondye pou li ede nou.

    Prèske pat rete tan ankò, nou te jwenn ti kras lespwa pou nou te rete kanpe nan premye divizyon an, youn nan jwè nou yo te pran yon tak nan kare ekip Cap-Haitien, abit santral la te soufle penalite.

    Yon gwo bri piblik la ki te reprann lavi, te leve estad la.

    Yon ti etensèl lespwa te mete flanm nan mitan piblik la. Li sanble vre, Bondye te ban nou chans nou. espwa pou nou te rete nan premye divizyon an te chita sou yon chout. Ankenn moun nan ekip mwen an pat vrèman vle fè Chout sa.

    Si yon moun ta rate chout sa a, pat ap gen dlo ki pou ta lave li. Tout kòlè ak dezapwentman ekip la ak tout vil la tap tonbe sou wou. Tout kote moun sa a tap pase, dezapwentman ak kòlè yo tap kole sou li ; pi rèd toujou, moun sa a tap menm oblije kite vil la ale yon lòt kote, oubyen fanatik fou te ka menm boule lakay li, menm touye li tou. Tout bagay te planifye nan yon ti tan, menm jan nan yon ti tan piblik la te ajite a ; tansyon tap monte nan mitan fanatik ekip nou an. Antrenè a te chwazi Samuel Dalcé, youn nan jwè ki te gen plis eksperyans nan mitan nou. Samuel Dalcé te ranmanse balon an, anpil moun nan piblik la te vire do bay teren an. Men antrenè nou an te mete figi li nan mitan de pla men li pou li te priye. Li te prèske enposib pou te gade.

    Yon gwo silans nan estad la.

    Abit la bay kout siflèt li.

    Yon ti kout pye byen swa te frape balon an, epi… se nan dèyè filè a balon an te al kouche.

    Nou te fè gòl !

    Yon gwo bri leve nan estad la, kòm si te gen yon bonm ki eklate. Moun tap kriye, yo tap rele, yo tap vire you bay lòt fas pou youn kwoke lòt. Nou te ka tande bri moun nan tout vil la ki tap selebre. Nou te defann match nil la pou ti rès tan ki te rete nan match la ; sitou nou te konnen plas nou te asire nan premye divizyon an. Nou tap jwe pou lavi nou e nou te asire li pou yon lòt ane.

    Rive bonè, rete tann

    Mwen te leve nan Léogâne, se yon vil ak yon popilasyon diznèf mil moun, jis trannde kilomèt alwès Port-au-Prince ki se kapital Haiti. Se yon vil cho ni nan klima ni nan kilti. Léogâne chita nan ouvèti lanmè ki bay sou Port-au-Prince, se yon plenn ki rich e ki vèt, plen kann ak anpil lòt danre, ak kèk kolin nan zòn Sid. Yo plis konnen Léogâne jodi a, kòm pwen santral tranblemanntè ki te fè an 2010 la, ki te kraze pifò kay ak lòt konstriksyon ki te genyen yo. Léogâne, moun yo renmen mizik, yo toujou ap selebre, epi manje yo se koupe dwèt. Poutan, ekonomikman, Léogâne se yon vil pòv. Foutbòl se te toujou pi gwo sous fyète ak atansyon ki te kapab rasanble tout kominote a, menm jan sa ye nan chak grenn vil nan Haiti. Nou ka toujou mete nou ansanm pou ekip nou, ak lespwa jwè nou yo ka

    Enjoying the preview?
    Page 1 of 1