Discover millions of ebooks, audiobooks, and so much more with a free trial

Only $11.99/month after trial. Cancel anytime.

Siksè se desten pou moun ki gen disiplin: 12 Etap pou ou pase yon pi bon ane nan lavi ou
Siksè se desten pou moun ki gen disiplin: 12 Etap pou ou pase yon pi bon ane nan lavi ou
Siksè se desten pou moun ki gen disiplin: 12 Etap pou ou pase yon pi bon ane nan lavi ou
Ebook72 pages42 minutes

Siksè se desten pou moun ki gen disiplin: 12 Etap pou ou pase yon pi bon ane nan lavi ou

Rating: 4 out of 5 stars

4/5

()

Read preview

About this ebook

Nan liv la, Renato Cardoso pwopoze ban nou egzèsis pou disipline gason afenke yo ka soti byen nan tout aspè lavi yo. Moman pou nou mete disiplin nan aplikasyon se pa yon moman ki fè nou plezi. Sa se pi gwo pwoblèm nan disiplin lan. Li pwovoke nan nou santiman tristès, dekourajman ak neglijans. Sepandan, disiplin lan reprezante OPÒTINITE pou moun ki entelijan, nan lòt sans, plizyè opòtinite parèt paske majorite moun pa renmen disiplin, konsa, opòtinite ap vini pou moun ki renmen li. Ou ap vini yon moun avèk anpil siksè, si ou aprann renmen disiplin lan.
LanguageHaitian
PublisherUnipro
Release dateJun 9, 2021
ISBN9786586018981
Siksè se desten pou moun ki gen disiplin: 12 Etap pou ou pase yon pi bon ane nan lavi ou

Reviews for Siksè se desten pou moun ki gen disiplin

Rating: 4 out of 5 stars
4/5

1 rating0 reviews

What did you think?

Tap to rate

Review must be at least 10 words

    Book preview

    Siksè se desten pou moun ki gen disiplin - Renato Cardoso

    ou.

    Capa

    BENEFIS DISIPLIN YO

    Lè y’ap peni nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l’ ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze.

    EBRE 12:11

    Moman pou n mete disiplin nan aplikasyon se pa yon moman ki fè nou plezi. Sa se pi gwo pwoblèm nan disiplin lan. Li pwovoke nan nou santiman tristès, dekourajman ak neglijans; se poutèt sa plizyè moun refize asepte li. Sepandan, disiplin lan reprezante opòtinite pou moun ki entelijan, nan lòt sans, plizyè opòtinite parèt paske majorite moun pa renmen disiplin, konsa, opòtinite ap vini pou moun ki renmen li. Ou ap vini yon moun avèk anpil siksè si ou aprann renmen disiplin lan.

    Moun ki meprize disiplin lan se yon moun emotif, sa vle di, li viv dapre prensip emosyon imèn. Tout moun ki viv dapre prensip emosyon se moun fèb. Men, moun ki renmen disiplin lan pa okipe avèk tristès tanporè nan moman ou mete li an aplikasyon. Li fikse sou objektif ak rezilta li donnen. Se sa nou dwe fè, paske sa se sèl chemen ki va kondi ou rive nan siksè lavi ou. Sa se kesyon jistis, ou te soumèt tèt ou ak egzijans disiplin yo, ou mèt rekòlte pi bon rezilta nan lavi ou. Disiplin vle di ou fè sa ou pa vle fè pou ou jwenn yon rezilta ou vle nan lavi ou.

    Gen kèk fwa wap santi ou pa kapab, kòm si yon vwa andan tèt ou ki di: Kite l pou yon lòt lè, piga ou fè li kounye a, ou pa gen tan pou ou fè sa a. Menm si ou genyen batay kont vwa sa a, nan moman ou pral mete disiplin an aplikasyon, ou pral santi tristès. Sepandan, inyore sa ou santi. Se pou ou fè sa ou konnen ou dwe fè. Gen kòm objektif lajwa kap vini nan moman ou pral rekòlte tout bèl rezilta. Komanse imajine jan lavi ou pral ye, apre rezilta displin lan pral ba ou epi fikse imaj sa nan tèt ou, paske 12 mwa kap vini yo pral transfòme nan sa ki pi bon nan lavi ou. Sa se sèlman ou dwe asepte, se mete disiplin an aplikasyon.

    PREMYE ETAP

    ANN KONBAT DEZÒGANIZASYON

    Nan mwa sa a, nou pral disipline tèt nou kont tout sa ki sal, ki gen move aparans ak dezòganize nan lavi nou. Nan kò ou, rad, espas kote ou ap viv la, nan kay la, nan machin, travay ak etid, sa vle di, nou pral mete disiplin sa a an aplikasyon.

    Anba ou va fè yon mak amezi ke ou fini chak devwa:

    IJYÈN PÈSONÈL

    Benyen de fwa chak jou (youn anvan ou dòmi). Sèvi ak dezodoran oswa pafen;

    Se pou ou itilize yon pafen oswa deyodoran ki santi bon;

    Bwose dan ak lang lè ou reveye, anvan ou kouche pou ou dòmi, epi apre tout manje ou manje. Itilize fil dantè omwen yon fwa pa

    Enjoying the preview?
    Page 1 of 1